Accessibility links

Breaking News

Fiziyad nan Alabama: 4 moun pèdi lavi yo, 28 lòt blese


Alabama Shooting
Alabama Shooting

DADEVILLE, Ala. (AP) — Otorite lapolis ap soupriye moun nan yon bouk nan eta Alabama pou kontakte yo si yo gen enfòmasyon sou yon fiziyad ki te touye 4 moun ak blese 28 lòt pandan fèt anivèsè nesans yon adolesan.

Pami moun ki mouri gen yon elèv lise ki te fè plan apre lekol klasik li pou li al jwe foutbòl zepòl kare nan inivèsite, e li t ap selebre 16yèm anivèsè sè li Samdi swa lè kout zam te mare nan Dadeville.

Philstavious Dowell ki gen ti non Phil se te yon èlèv lyse nan Dadeville ki te angaje pou ale nan Inivèsite Jacksonville lè li gradye.

Li te nan fèt la ap selebre ak sè li Alexis avan li te pèdi lavi li anba bal, se sa grann li Annette Allen di jounal The Montgomery Advertiser.

Lapolis te kontinye ap rasanble prèv dimanch nan yon estidyo dans kote fèt la t ap dewoule.

Yo pa t di imedyatman si yo fè arestasyon nan dosye sa.

XS
SM
MD
LG