Accessibility links

Breaking News

Lapolis: 4 moun mouri nan fiziyad nan yon bank nan Louisville, Kentucky


Police deploy at the scene of a mass shooting near Slugger Field baseball stadium in downtown Louisville
Police deploy at the scene of a mass shooting near Slugger Field baseball stadium in downtown Louisville

LOUISVILLE, Ky. (AP) — Lapolis nan vil Louisville nan eta Kentucky di omwen 4 moun pèdi lavi yo e 9 lòt soti blese nan yon fiziyad nan yon bank.

Chèf adjwen polis Metro Louisville Paul Humphrey di nan yon konferans pou laprès ke sispèk la mouri tou apre fiziyad sa ki te fèt lendi maten.

Humphrey di pami blese yo gen 2 ajan lapolis.

Polisye ki te rive nan lye ensidan an te twoke kout zam ak nèg ame a men li pa t klè ki jan li mouri.

Humphrey te di ke asayan an ta sanble se yon ansyen anplwaye bank lan.

Gouvènè Kentucky Andy Beshear di ke li pèdi 2 zanmi nan fiziyad la.

XS
SM
MD
LG