Accessibility links

Breaking News

Yon Komite nan Nasyonzini mande pou Sispann Depòtasyon Migran Ayisyen yo


Foto Achiv: Migran Ayisyen fe la ke pou yon kot ki pemet yo anrejistre sityasyon migratwa yo nan Tapachula, eta Chiapas, peyi Meksik, 29 Dec. 2021.
Foto Achiv: Migran Ayisyen fe la ke pou yon kot ki pemet yo anrejistre sityasyon migratwa yo nan Tapachula, eta Chiapas, peyi Meksik, 29 Dec. 2021.

Yon Komite nan Nasyonzini mande Vandredi peyi nan Amerik yo pou yo sispann fòse migran ayisyen tounen san volonte yo ann Ayiti, yon peyi ki anba gwo zak vyolans, e komite a lonje dwèt sou chif li wè ki montre depòtasyon plizyè dizèn milye ayisyen ane sa a.

Komite Nasyonzini pou Eliminasyon Diskriminasyon Rasyal (CERD) di ke li "gen gwo enkyetid pou migran ayisyen yo ke peyi sa yo pimpe tounen san fè yon bon evalyasyon" sou bezwen ke yo gen pou pwoteksyon.

Komite a, ki gen ladann 18 ekspè endepandan, mande nan yon deklarasyon pou peyi nan rejyon an "sispann fòse Ayisyen retounen nan peyi yo e adopte mezi pou pwoteje Ayisyen ki nan kouri yo".

Deklarasyon an te fèt apre Nasyonzini te avèti nan koumansman semèn nan ke vyolans gang ann Ayiti ap ogmante ak "yon vitès ki bay kè sote", e yon lòt fwa ankò gwoup la lanse apèl kote li mande pou yon fòs entènasyonal al ede retabli lòd nan peyi a.

Soti nan zak touye moun, vyòl, kidnapin, ak asasinay sou timoun, yon anvwaye Nasyonzini di ke krim vyolan sa yo simen laterè sou popilasyon an.

Malgre sitiyasyon malouk sa a, ekspè CERD yo di chif Nasyonzini yo montre anviwon 36,000 moun ki gen orijin ayisyen ki jwenn depòtasyon ann Ayiti pandan 3 premye mwa ane 2023 a.

Pami migran yo depòte yo, komite a fè remake gen fanm ansent, ti bebe ki fenk fèt, timoun ke paran pa akonpaye, ak sa yo ki viktim trafik moun ak vyolans ki base sou sèks.

XS
SM
MD
LG