Accessibility links

Breaking News

Soudan: Djèt konba peyi Soudan Pilonnen Pozisyon Fòs Sipò Rapid-yo nan Khartoum

Fighters ride in the back of a pickup truck mounted with a turret in the East Nile district of greater Khartoum, in this image grab taken from handout video footage released by the Sudanese paramilitary Rapid Support Forces on April 23, 2023.

Djèt konba peyi Soudan pilonnen pozisyon paramilitè nan capital la Khartoum jedi, pandan batay mòtèl ak piyaj fè raj nan Darfur, malgre lame a ak yon fòs rival te dakò pou yo pwonlonje antant pou yon sese-lfe.

Lè te rete kèk èdtan anvan finisman yon sese-lfe 3 jou ke pati ki ap goumen yo pa te fin respekte e ki ta pwal bout a minwi nan lè zòn nan, lame a ak Fòs Sipò Rapid-yo (RSF) anonse yon pwolongasyon 72 è apre presyon Arabi Saoudit ak Etazini.

Te gen plizyè efò pou jwenn yon kanpo depi batay te pete 15 Avril pase ant lame a ki gen nan tèt li Jeneral Abdel Fattah al-Burhan, ak gwoup paramilitè RSF ki gen nan tèt li jeneral ki te asistan jeneral Fattah, e ki tounen rival li, an palan Mohamed Hamdan Daglo. Tout antant yo echwe.

Reprezantan etranje ki enplike nan efò pou kalme batay yo byen akeyi antant pwolongasyon an e yo ekzòte pou pati yo respekte li nèt ale.

XS
SM
MD
LG