Accessibility links

Breaking News

Atak Misil Ris Touye 17 Moun Nan Ikrèn


Firefighters carry a body recovered from the rubble of a residential building that was hit during a Russian attack in Uman, central Ukraine, April 28, 2023.
Firefighters carry a body recovered from the rubble of a residential building that was hit during a Russian attack in Uman, central Ukraine, April 28, 2023.

UMAN, Ikrèn (AP) — Larisi tire plis pase 20 misil rapid ak de dron sou Ikrèn, atak ki touye omwen 17 moun.

Pifò nan viktim yo mouri lè 2 misil rapid te frape yon bilding apatman nan sant Ikrèn byen bonè Vandredi.

Youn nan atak yo fèt sou kapital peyi a, apre prèske 2 mwa depi Kyiv pat resevwa okenn frap.

Gouvènman Kyèv la di ke avyasyon militè Ikrèn bloke 11 misil ak 2 dronn, e nouvèl yo pa rapòte okenn frap ki touche vil la.

Atak sou bilding apatman an fèt nan Uman, yon vil ki nan anviwon 215 kilomèt ak pati sid Kyèv.

Dapre ministè enteryè a, 15 moun mouri nan atak sa a, pami yo 2 timoun 10 zan ak yon timoun piti.

XS
SM
MD
LG