Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini: Etazini ak Kanada pako Montre Okenn Volonte pou Voye yon Fòs ann Ayiti


Foto Achiv: Minis Afe Etranje Ekwate, Maria Isabel Salvador pandan yon seremoni nan Lima, Pewou, 17 Jyen 2008.
Foto Achiv: Minis Afe Etranje Ekwate, Maria Isabel Salvador pandan yon seremoni nan Lima, Pewou, 17 Jyen 2008.

NASYON ZINI (AP) — Anvwaye espesyal Nasyonzini pou Ayiti a mande pou peyi manm yo voye touswit yon fòs entènasyonal espesyalize pou kontrekare vyolans gang k ap grandi epi devlope fòs polis la ki pa gen ase manm e ki mal ekipe.

Li avèti ke si peyi manm l-ONU yo trennen pye-yo e pa voye yon fòs touswit, sa ka lakoz ensekirite a gaye nan Karayib la ak nan Amerik Latin nan.

Men jouk kounyea Etazini ak Kanada, ni okenn lòt manm Konsèy Sekirite a pa montre ditou ke yo enterese pou pran tèt yon fòs.

Maria Isabel Salvador di Mèkredi ke vyolans gang yo ap grandi ak yon vitès ki bay kè sote nan zòn ki te gen sekirite andan kapital la ak nan alantou.

Li te site chif ke lapolis ak Nasyonzini genyen ki montre zak kriminèl yo double pou rive 1,647 nan premye trimès 2023 a.

XS
SM
MD
LG