Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Di LaRisi Bonbade Mykolaiv ak 4 Misil


One dead, 23 wounded in Russian missile strike on Ukraine's Mykolaiv
One dead, 23 wounded in Russian missile strike on Ukraine's Mykolaiv

Yon frap misil sou vil Mykolaiv nan sid Ikrèn bonè Jedi touye yon moun e blese 23 lòt.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy di sou app Telegram nan, “Nan lannwit la, LaRisi bonbade Mykolaiv ak 4 misil Kalibr ke li lanse etan nan Lanmè Nwa a.”

Frap la donmaje kay ak yon bilding apatman. LaRisi demanti ke li vize sivil, kote li di li atake pozisyon militè.

Chef l-OTAN, Jens Stoltenberg, di Ikrèn resevwa plis pase 98 pousan veyikil konba ke alye ak patnè l-OTAN yo te pwomèt. Nan livrezon yo gen mil-550 machin blende ak 230 tank.

Stoltenberg ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Briksèl jedi, di l-OTAN antrene epi ekipe plis pase 9 nouvo brigad machin blende pou Ikrèn, sa ki mete “Ikrèn nan yon pozisyon pi djanm pou li kontinye repran teritwa ke LaRisi okipe.”

XS
SM
MD
LG