Accessibility links

Breaking News

Fòs espesyal Ameriken an Evakye Anplwaye Anbasad li yo nan Soudan


SUDAN-CONFLICT-FRANCE-EVACUATION
SUDAN-CONFLICT-FRANCE-EVACUATION

WASHINGTON (AP) — Fòs operasyon espesyal Ameriken yo mennen yon operasyon pou evakye anplaye Anbasad Ameriken yo nan Soudan, kote de gwoup kontinye ap batay.

Otorite ameriken yo te anonse evakyasyon an byen ta samdi swa, yo di ke fòs Ameriken yo te antre byen vit nan kapital Soudan nan elikoptè Chinook pou yo te fè evakyasyon an.

Pa gen okenn kout bal ki te tire, e pa gen okenn gwo dega.

Ak evakyasyon anplwaye anbasad Ameriken la nan Khartoum, Etazini fèmen misyon diplomatik la san di pou pou jis ki lè.

Gen dè milye sitwayen Ameriken ki toujou nan Soudan. Ofisyèl ameriken yo di ke li ta twò danjere pou yo ta mennen yon operasyon evakyasyon pi laj pou eseye evakye ameriken ki rete toujou nan peyi a.

XS
SM
MD
LG