Accessibility links

Breaking News

Diplomat Plizyè Peyi Kouri Kite Soudan


Spanish military plane and military vehicles depart on tarmac as Spanish diplomatic personnel and citizens are evacuated, in Khartoum
Spanish military plane and military vehicles depart on tarmac as Spanish diplomatic personnel and citizens are evacuated, in Khartoum

KHARTOUM, Soudan (AP) — Gouvènman etranje yo kòmanse evakye diplomat, anplwaye ak lòt moun yo genyen ki bloke nan Soudan pandan jeneral rival yo kontinye ap batay pou yon nevyèm jou san okenn siy ki montre yap respekte sese-l-fe ki te fèt pou selebrasyon yon gwo fèt Mizilman.

Gwo pisans mondyal tankou Lèzetazini, Grann Bretay, Lafrans ak Itali evakye diplomat yo nan kapital Khartoum pandan ke anpil moun dezespere pou yo chape poul yo tou, anpil nan yo riske lavi yo nan wout danjere pou pran direksyon nò peyi Lejip.

Plis pase 420 moun déjà pèdi lavi yo, pami yo 264 sivil, e plis pase 3,700 blese nan batay ant fòs lame Soudan an ak gwoup paramilitè yo ki rele Fòs Sipò Rapid.

XS
SM
MD
LG