Palman eta a apwouve projè lwa sila Mèkredi. Kounya li rete pou Gouvènè Jay Inslee siyen li epi lwa sa pral antre an vigè. Pa gen dout ke moun ki kont lwa a pwal defye l nan tribinal.
Mezi a ta kouvri plis pase 50 kalite zam, pami yo fizi nan estil AR- oswa AK-.
Lwa sa entèdi tou lavant, distribisyon, fabrikasyon ak enpòtasyon zam afe sa yo nan lavni.
Gen 9 lòt eta nan peyi a ki pase lwa menm jan an.
Palmantè Repibliken yo nan eta Washington te kont entèdiksyon an ki, dapre yo, p ap anpeche fiziyad an mas.
Facebook Forum