Accessibility links

Breaking News

Granmoun Blan ki Tire yon Tinedjè Nwa nan Kansas Plede Non-Koupab


Foto sa a ki pa gen dat, ke kabine avoka Ben Crump Law pataje ak lapres montre Ralph Yarl, tinedje yon granmoun blan tire nan Kansas City, eta Missouri.
Foto sa a ki pa gen dat, ke kabine avoka Ben Crump Law pataje ak lapres montre Ralph Yarl, tinedje yon granmoun blan tire nan Kansas City, eta Missouri.

Andrew Lester, granmoun blan ki gen 84 an ki tire sou tinedjè nwa Ralph Yarl nan Kansas City, eta Missouri, plede non koupab nan premye parèt li fè devan tribinal Mèkredi.

Yarl te twonpe li de adrès li tap chache a lè li te bat pot Lester pandan li tap chache ti frè li yo.

Lester te mache ak baton nan moman li antre nan tribinal la pou reponn akizasyon lajistis lanse kont li. Yo akize l de agresyon nan premye degre ak yon atak ak zam kriminèl.

Ka sila a atire atansyon prezidan an epi renouvle deba sou politik zam Etazini.

Lester lib apre li peye 10% kosyon $200,000 jij la fikse pou li.

Kosyon an egzije pou l remèt bay lajistis tout zam li ta genyen epi entèdi l pran kontak ak ni Yarl, ni fanmi li.

Misye oblije bay konstantman l pou lajistis veye aktivite l sou telefon endelijan li.

XS
SM
MD
LG