Accessibility links

Breaking News

21 Moun Mouri nan Dife nan yon Lopital nan Peken


မီးလောင်ပြီးနောက်မြင်ရတဲ့ ဘေကျင်းဆေးရုံ (ဧပြီ ၁၉ ၊ ၂၀၂၃)
မီးလောင်ပြီးနောက်မြင်ရတဲ့ ဘေကျင်းဆေးရုံ (ဧပြီ ၁၉ ၊ ၂၀၂၃)

Peken (AP) — Medya leta Chinwa yo di yon dife ki te pran nan yon lopital nan Peken lakoz lanmò omwen 21 moun, e fòse plizyè douzèn lòt evakye.

Dapre rapò yo gen omwen 71 pasyan ke yo rive sove madi apre dife a te pete nan lopital Changfeng nan Peken.

Videyo ki t ap sikile sou rezo sosyal yo montre moun ki t ap chape poul yo soti nan fenèt bilding nan ki gen plizyè etaj, apre yo te mare dra kabann pou fè yo tounen kòd pou te ka glise desann.

Ekip sekou yo te etenn dife a, e otorite yo ap mennen envestigasyon pou konnen koz dife a.

XS
SM
MD
LG