Accessibility links

Breaking News

Sergey Lavrov Eksprime Rekonesans pou Èd Brezil ap Bay pou Ede Mete yon Fen nan Lagè a


Russia's Foreign Minister Sergey Lavrov leaves after a meeting with Brazil's Foreign Minister Mauro Vieira in Brasilia, Brazil, April 17, 2023.
Russia's Foreign Minister Sergey Lavrov leaves after a meeting with Brazil's Foreign Minister Mauro Vieira in Brasilia, Brazil, April 17, 2023.

BRASILIA, Brezil (AP) - Minis Zafè Etranje Larisi, Sergey Lavrov, vwayaje nan kapital brezilyen an Lendi e li eksprime rekonesans pou èd Brezil ap bay pou ede mete fen nan lagè a nan Ikrèn – men Kyiv ak peyi Lwès yo rejte efò sa yo.

Lula te refize bay Ikrèn zam pandan li pwopoze yon gwoup nasyon ki gen ladan Brezil ak Lachin pou yo sèvi kòm medyatè pou retabli lapè nan Ikrèn.

Apre rankont la, pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan kritike sevèman jan Brezil wè lagè a e li te di ke otorite brezilyen yo ap repete pwopagann Ris ak Chinwa san yo pa gade reyalite a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG