Accessibility links

Breaking News

Aksyon Alphabet Pèdi Valè Apre Nouvèl ki di Samsung pral Chwazi Bing Pito pou fè Rechèch sou Nouvo Telefòn ni yo


Foto Achiv: Yon afich sou bilding Google la nan Mountain View, Kalifoni.
Foto Achiv: Yon afich sou bilding Google la nan Mountain View, Kalifoni.

Aksyon Alphabet Inc GOOGL.O yo pèdi 4% valè yo Lendi apre nouvèl ki fè konnen konpayi elektwonik Sid Koreyen Samsung ap reflechi pou wè si l pata ranplase Google ak Bing, ki se rezo rechèch Microsoft la kòm prensipal rezo pou chache enfòmasyon sou nouvo telefòn ni yo.

Rapò a ke New York Times pibliye pandan wikèn nan, souliyen defi ki poze pou Google, ki antre $162 milya pa an gras ak biznis ki lye ak rezo rechèch li a. Bing ap vanse apre li entegre entelijans atifisyèl ki lye ak teknoloji Chat GPT a.

Reyaksyon Google fas ak nemas sa a sete "panik" nan moman konpayi an estime li taka pèdi $3 milya si Samsung mete fen nan kontra li gen avè l.

Gen yon lot $20 milya ke Google antre gras ak kontra li ak Apple, ke li ta dwe renouvle ane sa a.

Depi plizyè dizèn ane, Google dominen rechèch kap fèt sou entènèt la kote 80% moun sèvi avèl. Sepandan Microsoft komanse taye zèb anba pye l nan kous entelijans atifisyèl la.

XS
SM
MD
LG