Accessibility links

Breaking News

Google ap Revoke 12,000 Anplaye nan Sektè Teknoloji a


Google anonse l ap revoke 12,000 travayè. Google vin ajoute sou lis gwo konpayi teknoloji ki ap voye moun lakay yo.

Desizyon sila ap fèt nan sektè teknoloji a akoz yon gwo bès ekonomik apre gwo bourad ekonomik ke yo te vin genyen pandan pandemi Kovid-19 lan .

PDG jeyan Silisyòm Valley a, Sundar Pichai, te pataje nouvèl la Vandredi nan yon imèl li te voye bay anplwaye yo ki te afiche tou sou blog konpayi an.

Li te di ke konpayi an te anboche anpil moun pandan "peryòd kwasans dramatik" sa yo ki te genyen pandan 2 ane ki sot pase yo men se te yon "reyalite ekonomik ki te diferan ak sa nou fè fas jodi a."

Li te di ke revokasyon yo reflete yon "revizyon" ke Google fè nan pwodwi li yo ak fonksyon yo.

XS
SM
MD
LG