Accessibility links

Breaking News

Amazon Ap Voye 18,000 Moun Chita Lakay yo


Germany Amazon
Germany Amazon

Lidè nan komès sou entènèt Amazon koumanse yon nouvo seri 18,000 moun ke l-ap voye chita lakay yo, kote li kontinye sa lòt fè tankou Twitter, Salesforce ak dè douzèn konpayi teknoloji ki pi piti nan semèn ki pase yo.

Fenomèn moun k-ap pèdi travay nan sektè teknoloji-a rive touche anpil kote nan mond-la, men moun santi-l anpil nan Silicon Valley ak lòt fwaye teknoloji sou Kot Wès Etazini. Sit entènèt layoffs.fyi ki chache konnen tout rediksyon ki fèt nan djòb nan endistri tech la, idantifye plis pase 100 konpayi ki anonse y-ap voye moun ale depi premye Janvye nan Amerik Nò ak Sid, Ewòp, Azi ak Ostrali. Antou, sit entènèt-la konte plis pase 1,200 konpayi ki voye moun chita depi koumansman ane 2022.

Jeyan konpayi lojisyèl Microsoft tou anonse l-ap voye 10,000 anplwaye ale, ki se apeprè 5 pousan nan fòs travay li.

XS
SM
MD
LG