Accessibility links

Breaking News

Ansyen Responsab Rezo Televizyon Fox Devan Tribinal nan Kad yon Pwosè Chantaj


Asistan Avoka Gouvenman Victor Zapana pale ak manm jiri a nan komansman pwose responsab rezo televizyon Fox yo nan tribinal federal Brooklyn, Nouyok, Madi 17 Janvye 2023.
Asistan Avoka Gouvenman Victor Zapana pale ak manm jiri a nan komansman pwose responsab rezo televizyon Fox yo nan tribinal federal Brooklyn, Nouyok, Madi 17 Janvye 2023.

Nan Nouyok, pwosè 2 ansyen responsab rezo televizyon Ameriken Fox tanmen Madi. Lajistis akize responsab yo dèske yo te bay responsab foutbòl Amerik di Sid yo lajan anba tab pou ranpòte dwa pou difize pi gwo tounwa foutbòl anyel yo nan Amerik Latin epitou pou ede l ranpòte dwa pou difize Mondyal Foutbòl la.

Pwosè responsab yo tanmen Madi. Se dènye nan yon seri skandal koripsyon FIFA ki rive devan tribinal.

Hernan Lopez ak Carlos Martinez ap fè fas ak akizasyon kòm kwa yo te peye lajan anba tab e yo te resevwa benefis nan men responsab Konfederasyon Foutbòl Amerik di Sid la pou difize Copa Libertadores la - ki se yon tounwa foutbòl anyel ki similè ak Lig Chanpyon Ewopeyen an.

Rezo televizyon Fox demanti li mele nan okenn konplo lajan anba tab.

XS
SM
MD
LG