Accessibility links

Breaking News

Foutbòl: Deschamps Siyen Yon Nouvo Kontra Ak Ekip Nasyonal la pou Jiska 2026


Pelatih Prancis Didier Deschamps saat menyaksikan tim asuhannya berlaga. (Foto: REUTERS/Kai Pfaffenbach)
Pelatih Prancis Didier Deschamps saat menyaksikan tim asuhannya berlaga. (Foto: REUTERS/Kai Pfaffenbach)

Didier Deschamps pat gen okenn kontra depi dat 31 desanm 2022 apre kontra li te pran fen. Kounyea, federasyon foutbol franse a te renonmen li kòm antrenè ekip nasyonal la Samdi. Nouvo kontra li pral ap pran fen nwa jiyè 2026.

2 pati yo te vle pwolonje bèl avanti komen sa a, malgre ekip franse a te pedi match final mondyal la sou penalite kont ekip Ajantin nan, 4 ane apre yo te soti chanpyon nan koup di mond ke Moskou te òganize.

Nouvo kontra twa ane edmi sa a ap pèmet Didiers Patisipe nan Mondyal 2026 la ki pral fèt an Amerik di Nò.

Antrenè adjwen Guy Stéphan, antrenè gadyen Franck Raviot ak antrenè fizik Cyril Moine ap kontinye misyon yo tou.

XS
SM
MD
LG