Accessibility links

Breaking News

Ekip Al-Nassr Mete Fen nan Kontra Vincent Aboubakar Pou Fè Plas pou Ronaldo


vincent aboubakar ronaldo
vincent aboubakar ronaldo

Atakan Pòtigè a Cristiano Ronaldo ap kòmanse jwe ak nouvo ekip li, Al-Nassr nan lig foutbòl Arabi Saoudit, 22 janvye, dapre sa yon sous pwòch klèb la te di AFP.

Ronaldo ki gen 37 an pral kapab jwe ak ekip la apre yo deside mete fen nan kontra entènasyonal Kamewounè Vincent Aboubakar pou konfòme yo ak lwa federasyon Saoudit la tabli ki di yon ekip paka gen plis pase 8 jwè etranje.

CR7 pral disponib pou jwe premye rankont li ak nouvo klèb li a 22 janvye, Al-Nassr pral jwe lakay li kont ekip Ettifaq.

Nan dat 22 Janvye a malgre Ronaldo ap disponip li pap kapab jwe match la akoz lig anglè a te enpoze sanksyon kont li nan mwa Novanm - lè sa li te ap jwe ak ekip Manchester United.

"Al Nassr te mete fen nan kontra Vincent Aboubakar apre yo te rive jwenn yon antant mityèl epi li te resevwa tout konpansasyon finansye " se sa yon lòt sous nan klèb la te di AFP.

XS
SM
MD
LG