Accessibility links

Breaking News

Cristiano Ronaldo Pa Ka Jwe Premye Match li Akoz Ekip Al Nassr Depase Kota Jwè Etranje li ka Genyen


Al Nassr unveil new signing Cristiano Ronaldo
Al Nassr unveil new signing Cristiano Ronaldo

Sipèsta foutbòl mondyal la Cristiano Ronaldo poko ka jwe premye match li ak nouvo ekip li Al-Nassr paske klib la depase kota jwè etranje li kapab genyen nan ekip la. Se sa yon ofisyèl klib la te di AFP Jedi.

CR7 ki gen 37-zan konsidere kòm youn nan pi gwo foutbolè sou latè te di responsab yo nan Riyad Madi ke li te vle monte teren pi vit ke posib. Ekip la te gen pou jwe yon match jedi kont Al Ta'e ki anile e yo ranvwaye match la pou vandredi.

Men, Cristiano Ronaldo, ki fèk siyen kontra sa, se nevyèm jwè etranje ki rantre nan ekip Al-Nassr, sa ki depase maksimòm 8 jwè etranje ke federasyon foutbòl Arabi Saoudit la dakò pou yon ekip genyen. Se pou rezon sa ki fè CR7 pako ka jwe okenn match.

Yon ofisyèl nan yon klib la te di AFP, sou kondisyon anonim,"Al Nassr poko anrejistre CR7 paske pa gen okenn pòs vid oubyen vakan pou yon jwè etranje,"

"Yon jwè etranje ta dwe kite ekip la pou yo kapab anrejistre Ronaldo, swa atravè transfè oswa revokasyon kontra oubyen konsantman mityèl."

Pami jwè etranje Al-Nassr genyen nou jwen gadyen Kolonbyen David Ospina, milye teren brezilyen Luiz Gustavo ak atakan brezilyen Anderson Talisca ak atakan Kamewounè a Vincent Aboubakar.

Dapre medya Arabi Saoudit yo, milye teren Ouzbek Jalaluddin Masharipov gen plis chans ale pou kapab fè plas pou Ronaldo.

"Negosyasyon yo ap kontinye sou vant youn nan jwè yo, men yo poko antre nan etap final yo," yon lòt ofisyèl klib la, konfime ke jwè Pòtigè a poko anrejistre.

XS
SM
MD
LG