Accessibility links

Breaking News

Responsab Ekip Al Nassr di Ronaldo Pap Ka Jwe 2 Match Akoz Sispansyon Li te Sibi Nan Premiere League la


Ronaldo
Ronaldo

Atakan Pòtigè Cristiano Ronaldo, ki siyen kontra ak ekip Al Nassr nan Riyadh, gen pou l rate 2 match akoz sispansyon otorite nan Premiere League yo te enpoze kont li lè li te ap jwe pou ansyen ekip li Manchester United.

Yon manadjè nouvo ekip li a te konfime deklarasyon sa yo pou AFP.

Sipèsta Pòtigè a te tonbe anba sanksyon nan fen mwa Novanm nan apre li te rache telefòn mobil nan men yon jèn fanatik ekip Everton nan apre yon match.

Lè sanksyon sa te pran Asosyasyon Foutbòl Angle a te presize ke sanksyon sa yo ap aplikab nan kèlkeswa ekip ke CR7 al jwe, apre li te mete fen nan kontra li ak ekip Manchester United la.

Yon ofisyèl klib Al Nassr te konfime Vandredi ke "Sispansyon sa a pral aplikab yon fwa yo anrejistre Cristiano Ronaldo ofisyèlman nan chanpyona nasyonal la".

Jiska prezan Cristiano poko anrejistre akoz ekip Al Nassr depase kantite jwè etranje ki gen dwa jwe pou ekip la. Se on lwa ke league Arabi Saoudit la genyen ki bay ekip yo dwa a selman 8 jwè ki soti lòt bò dlo.

XS
SM
MD
LG