Accessibility links

Breaking News

Google Vle Limite Fason Aplikasyon Mobil yo Kominike Youn ak Lòt sou Aparèy Android yo

(FILES) This file photo taken in Paris on April 29, 2018 shows the Google logo displayed on a screen and reflected on a tablet. - Dozens of US states joined forces in a lawsuit filed on July 7, 2021 accusing Google of abusing its power when it comes…

Google, ap eseye swiv menm egzanp ak Apple, lè li te anonse ke li menm tou vle bati yon nouvo sistèm pou telefòn ak tablèt Android, pou limite enfòmasyon ki pataje ant aplikasyon yo.

Objektif jeyan entènèt ak teknoloji a se jwenn yon ekilib ant demann k ap grandi chak jou kote itilizatè yo ak regilatè yo ap mande konfidansyalite e konpayi a di li bezwen pou prezève modèl ekonomik li, kote yo itilize aplikasyon sa yo pou fè piblisite e modèl sa pèmèt Google fè plizyè milya dola.

Google di ke 90% nan aplikasyon yo ofri sou platfòm Google Play li yo gratis, e se gras ak piblisite sa yo ki fè yo gratis.

XS
SM
MD
LG