Accessibility links

Breaking News

Plizyè Eta Ozetazini Akize Google pou Koleksyon Done San Otorizasyon


Europe Digital Rules Explainer
Europe Digital Rules Explainer

Lajistis nan plizyè eta nan peyi Etazini te rele Google lajistis Lendi, epi yo akize konpayi an ke lap fè koleksyon done jeolokalizasyon nan men itilizatè li yo malgre yo refize bay Google aksè, konpayi a demanti chaj sila .

Nan sistèm Android oswa IOS Google ofri itilizatè sèvis avèk yon kont Google(Gmail) ki bay itilizatè a opsyon aktive oubyen anpeche koleksyon done jeolokalizasyon.

Sepandan, dapre dokiman ke lajistis kapital federal Washington, Indiana, Texas ak Eta Washington te depoze lendi a, menm lè opsyon an te aktive, "Google te kontinye kolekte epi estoke" done ki gen rapò ak kote itilizatè entènèt yo ye.

Done sa yo te soti nan aktivite entènèt, itilizasyon app, ansanm ak entèraksyon Wi-Fi ak Bluetooth.

Diferans sa a ant karakteristik yo ofri yo ak efè yo sou itilizasyon done jeolokalizasyon yo te parèt an 2018 nan ajans nouvèl Associated Press. On Pakèt atik ke AP te pibliye te atire atansyon komisè yo nan plizyè eta, ki te deside lanse pwòp ankèt pa yo.

Dapre avoka akizasyon yo, peryòd ki enpòtan an soti nan ane 2014 pou rive2019. Chak nan yo te pran aksyon legal nan eta yo epi yo ap mande jij yo bay lòd pou Google sispann pratik sa yo.

Yo ap mande tou pou ranbousman revni ki te pwodwi atravè koleksyon ak itilizasyon done jeolokalizasyon, ansanm ak amann.

AFP te poze konpayi an kesyon sou sa. Google te diskite ke aksyon legal la "(te baze) sou afimasyon ki pa kòrèk ak deklarasyon demode. Nou te toujou entegre opsyon pwoteksyon done nan pwodwi nou yo epi yo ofri efektivman sistèm sou done jeolokalizasyon yo".

Yon pòtpawòl Google deklare"Nou pral defann tèt nou epi retabli verite a" .

Google te sijè a plizyè pwosè nan dènye ane yo.

An jiyè, 36 eta ak avoka distri Washington te rele nan lajistis oksilyè Alphabet la pou swadizan pratik anti-konpetitif ki gen rapò ak magazen app Google Play li a.

De lòt pwosedi yo ap fèt Ozetazini konsènan pozisyon dominan motè rechèch Google la, e yon twazyèm gen rapò ak teknoloji yo itilize nan piblisite.

XS
SM
MD
LG