Accessibility links

Breaking News
Azi

Yo Evakye PM Japonè a Apre yon Moun Voye yon Eksplozif Pandan li tap Mennen Kanpay


Yon neg otorite yo kwe lanse yon aparey eksplozif sou Premye Minis Japone Fumio Kishida pandan li tap pwononse yon diskou nan vil Wakayama, nan sidwes Japon, 15 Avril 2023.
Yon neg otorite yo kwe lanse yon aparey eksplozif sou Premye Minis Japone Fumio Kishida pandan li tap pwononse yon diskou nan vil Wakayama, nan sidwes Japon, 15 Avril 2023.

Premye Minis Japonè Fumio Kishida sen-e-sof apre otorite yo evakye li akoz yon moun lanse yon eksplozif pandan yon evenman politik nan yon vil potyè nan wès peyi Japon.

Kishida tap vizite po Saikazaki nan prefekti Wakayama Samdi pou montre apui li pou kandida pati ki o pouvwa a nan yon eleksyon lokal.

Eksplozyon an fet yon ti tan anvan li te sipoze pale.

Gen yon polisye ki blese lejèman e Kishida te kontinye mennen kanpay.

Lapolis te goumen ak sispèk a epi mete l atè pandan moun nan zon nan te pran rele anmwe epi kouri pou chape lafimen ki te vin anvayi zon nan.

Ensidan sa a dewoule 9 mwa sèlman apre ansyen Premye Minis Japonè Shinzo Abe te mouri asasinen pandan li tap pwononse yon diskou nan kad kanpay li tap mennen nan vil Nara nan wès peyi a.

Asasina a te choke peyi Japon epi yon ankèt ki te lanse apre sa te jwenn anpil fay nan sekirite Abe a.

XS
SM
MD
LG