Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyen Pral Mande Kriminèl Lagè yo nan Ikrèn Rann Kont apre Yon Videyo te Montre Sòlda Ris Koupe Tèt yon Ikrenyen


FILE PHOTO: U.S. Secretary of State Blinken visits EU institutions, in Brussels
FILE PHOTO: U.S. Secretary of State Blinken visits EU institutions, in Brussels

Inyon Ewopeyen an fè konnen li pral mande "tout otè ak tout konplis nan krim lagè" nan Ikrèn pou yo rann kont, se deklarasyon yon pòtpawòl chèf diplomasi Ewopeyen an.

Deklarasyon sa yo fèt apre piblikasyon yon videyo ki montre, dapre Kyèv, yon sòlda Ris ki pran yon kouto e koupe tèt yon prizonye Ikrenyen.

Inyon Ewopeyen an pa gen "okenn enfòmasyon ki verifye videyo a", men "si li gen konfimasyon, sa fè sonje ankò yon fason brital, nati inimen agresyon Ris la", se pawòl Nabila Massrali ki se pòtpawòl chef diplomasi Inyon Ewopeyen Josep Borrell nan yon konferans pou laprès nan Briksèl an Bèljik.

XS
SM
MD
LG