Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Denonse LaRisi apre Yon Video Te Montre Yon Mesye Inifòm Koupe Tèt Yon Lòt Mesye Ki Pote Senbòl Solda Ikrèn


Ukraine's President Zelensky speaks with German Chancellor Scholz via phone line in Kyiv
Ukraine's President Zelensky speaks with German Chancellor Scholz via phone line in Kyiv

Otorite nan Ikrèn denonse LaRisi apre yon video ki parèt sou medya sosyal ki moutre kòmkwa se ta yon mesye ann inifòm ki ap koupe tèt yon lòt mesye ki pote senbòl solda Ikrèn.

Ajans nouvèl yo paka konfime sa ki parèt sou video sa a.

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov di jounalis yo mèkredi ke video a terib e ke fòk gen verifikasyon pou konnen si se yon istwa reyèl.

Yon lòt kote, peyi End fè konnen mèkredi Ikrèn mande li èd sou fòm materyèl imanitè, ladann medikaman ak ekipman medikal.

Ministè afè etranjè End la di demann sa a vini nan yon lèt ke Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy ekri Premye-minis endyen Narendra Modi, e ke Premye Vis-minis Afè Etranjè Ikrèn Emine Dzhaparova te remèt li.

XS
SM
MD
LG