Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Kantite Sivil Ki Pèdi Lavi Nan Ikrèn Rive Nan 8-mil-500


Members of a Ukrainian Civil-Military Cooperation team load the remains of a Russian soldier into a railroad car in the village of Synykha, in Ukraine's Kharkiv region, April 8, 2023, amid Russia's invasion of its neighbor.
Members of a Ukrainian Civil-Military Cooperation team load the remains of a Russian soldier into a railroad car in the village of Synykha, in Ukraine's Kharkiv region, April 8, 2023, amid Russia's invasion of its neighbor.

Nasyon Zini fè konnen jodi madi a li konfime ke kantite sivil ki pèdi lavi nan Ikrèn depi LaRisi te lanse envazyon li a preske rive nan 8-mil-500, men li di ke vrè chif yo ka pi wo lontan pase sa.

Biwo Wo Komisè l-ONU pou Dwa Moun nan konfime ke gen plis pase 14-mil sivil ki blese.

L-ONU di ke nan 9 premye jou mwa Avril la yo, li konfime lanmò 44 sivil, e ke tout, ekspete youn tonbe akoz “zam eksplosif ki gaye lwen.”

Ministè Defans LaRisi fè konnen 106 sòlda li jwenn libète-yo anba men fòs Ikrèn, tandiske Andriy Yermak, ki se chef pèsonèl Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy, di LaRisi lage 100 prizonye Ikrèn. Okenn nan 2 kan yo pa di ki jan boukantay prizonye a te fèt. Yermak di sou Telegram ke kèk nan sòlda Ikrèn yo blese grav e ke yo malad.

Yon lòt kote, fòs ris yo atake vil ki devan nan liy batay yo lendi, kote yo lanse anpil frap aeryen ak kout kanno nan Bakhmut ak lòt vil ak bouk nan rejyon Donetsk.

XS
SM
MD
LG