Accessibility links

Breaking News

Ansyen-Anvwaye Espesyal Etazini, Dan Foote, di FBI Entèvyouwe PM Henry an Ayiti


El enviado especial de EEUU. Daniel Foote se reúne con el jefe de la Policía Nacional Leon Charles, la embajadora de EE. UU. Michele Sison y un oficial de policía en Haití, en esta imagen publicada por la policía nacional en Twitt
El enviado especial de EEUU. Daniel Foote se reúne con el jefe de la Policía Nacional Leon Charles, la embajadora de EE. UU. Michele Sison y un oficial de policía en Haití, en esta imagen publicada por la policía nacional en Twitt

Ansyen Anvwaye espesyal Etazini nan peyi d'Ayiti Anbasadè Daniel Foote pibliye yon mesaj sou kont Twitter li kote li di: "Mwen tande nan yon sous ke FBI te entèwoje DeFakto @drarielhenry semèn sa a, nan kay PM kote li te rankontre tou sispèk asasina Joseph Badio. Eske li pataje sa ak pèp #Ayiti a?"


VOA Kreyòl mande FBI (Biwo Federal Envestigasyon Etazini) si li ka konfime sa Foote di a.

Nan yon kourye elektronik li voye ba nou, FBI derefize fè komantè.

VOA Kreyòl te rapòte semèn sa a ke ajan FBI te an Ayiti kote yo te vizite kay defen Prezidan Jovenel Moise nan Pelerin.

Ajan FBI Vizite Kay Ansyen Prezidan Jovenel Moïse
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:19 0:00

Nan mwad Janvye 2022, jounal New York Times te pibliye yon atik ki di gen prèv ki sigjere Premye Minis Ayisyen Ariel Henry te gen relasyon sere ak youn nan sispèk nan asasina Prezidan Moise yo - an palan de Joseph Felix Badio.

New York Times te site yon dokiman ki gen tout apèl telefon ki te fèt an 2 moun sayo, entevyou ak responsab Ayisyen epi yon lot sispèk an koneksyon ak asasina a, an palan de Rodolphe Jaar.

Jaar sot plede koupab a akizasyon lajistis Ameriken devan tribinal federal Miami, an koneksyon ak asasina Moise la.

Atik New York Times di lè lapolis tap pousuiv Badio - li te vizite PM Henry 2 fwa nan rezidans prive li, 4 mwa apre asasina a. Sa se dapre 2 responsab Ayisyen ki ranseye sou ankèt la.

Rankont sa yo te fèt lannwit, e pèsonn pat eseye arete Badio malgre te gen gad sekirite ak lòt responsab polis sou plas.

Dapre New York Times li pa klè si Ariel Henry te pran mezi pou ede sispèk yo. Yon pot pawol premye minis la di NYT malgre sa dokiman an montre sou apèl yo, PM nan pat pale ak Badio apre asasina a e li pa gen okenn relasyon ak sispèk la. Jounal la di li patka jwenn Badio limenm pou fè komantè sou sa.

New York Times di pandan entèvyou a Jaar admèt ke li te ede finanse epi planifye konplo kont Prezidan Moise la.

Li di yon ti tan anvan asasina a, Badio te di'l Henry tap itil kom alye si yo te resi ranvèse prezidan an. Dapre sa Jaar di, Badio di'l Henry se bon zanmi'l e ke li gen kontwol konplè de misye.

Jaar di limenm ak Badio te kenbe kontak apre asasina a e yo te menm domi nan menm kay kèk jou apre asasina a.

Kek èdtan apre asasina a lè lapolis te mete anba kod mèsenè kolonbyen yo, Jarr di NYT ke Badio te mande Henry ede'l sove. Li di Henry reponn li, li pral fè kèk apèl, men jounal la pat rive konfime deklarasyon sa yo.

Responsab Ayisyen ki patisipe nan ankèt la konfime ke Henry te an kontak ak Badio a plizyè repriz. Yo di Premye Minis Henry tap yon sispèk nan ankèt la si li patap dirije gouvènman an.

Henry, nan yon entevyou ak Associated Press te di li pa sonje l te pale ak Badio.

Henry ensiste tou, ke li pa gen anyen pou wè ak asasina Moise la.

XS
SM
MD
LG