Accessibility links

Breaking News

4 Manm Kongrè Etazini Mande Biden Nomen yon Anvwaye Espesyal pou Ayiti


4 manm chanm depite Etazini-an, Val Demings, Yvette Clark. Ayanna Presley ak Sheila Cherfilus- McCormick src: congress
4 manm chanm depite Etazini-an, Val Demings, Yvette Clark. Ayanna Presley ak Sheila Cherfilus- McCormick src: congress

Nan Washington, 4 manm La Chanm dè Reprezantan Etazini lanse apèl bay administrasyon Biden nan pou'l nomen yon nouvo Anvwaye Espesyal pou Ayiti nan moman zak vyolans gang yo ap trakase peyi a.

"Absans pòs kritik sa a nan administrasyon an minnen jefò Etazini ap fè pou apiye pèp Ayisyen an," Depite Val Demings, Yvette Clarke, Ayanna Presley ak Sheila Cherfilus McCormik ekri pou di nan yon lèt ki date 15 Out.

Administrasyon Biden nan te kreye pòs Anvwaye Espesyal la apre asasina Prezidan Jovenel Moise la an Jiyè 2021. Sepandan, diplomat Daniel Foote te demisyonen nan pòs li kèk mwa apre nominasyon ni pou pwoteste kont depòtasyon an mas migran Ayisyen yo ak politik Etazini vizavi Ayiti an jeneral. Yo poko janm nomen yo nouvo anvwaye.

Zak vyolans gang yo vin pi grav depilè a kote dè santèn moun mouri epi dè milye lòt oblije kouri kite kay yo.

Lè Reuters te mande Lamezonblanch fè komantè sou lèt la, pòtpawòl Konsèy Nasyonal Sekirite a te di administrasyon Biden nan pran angajman pou'l apiye Ayiti atravè asistans epi sipò pou yon "solisyon Ayisyen pou enpas politik aktyèl la."

Potpawòl la te ajoute: "Ekip nou ki trè kapab e ki gen ladann responsab divès ajans gouvènman Ameriken an travay ak dilijans ak responsab Ayisyen yo epitou ak kominote entènasyonal la pou apiye yon Ayiti ki pi stab, sekirize epi pwospè."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG