Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Responsab Administrasyon Biden nan Diskite Sou Ayiti ak Jounalis yo


Yon Gwo Responsab Admin Biden Nan Diskite Sou Ayiti ak Jounalis yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:14 0:00

Yon Gwo Responsab Admin Biden Nan Diskite Sou Ayiti ak Jounalis yo

Yon responsab wo plase administrasyon Prezidan Joe Biden nan koze ak lapres jodia sou Ayiti.

Li pale ak nou nan moman Anvwaye Espesyal Etazuni pou Ayiti, Daniel Foote t'ap pale ak manm Komite la Chanm de Reprezantan k ap travay sou politik etranje. Responsab la pwofite okazyon an pou reponn kritik anbasade Foote lanse pou di kom kwa li te demisyonen akoz politik administrasyon an vizavi migran Ayisyen yo.

Responsab la di - "atanke migran - mwenmenm - map di kestyon li soulve yo tre difisil, men nou te fe deba ouve ak transparan sou kestyon sa yo e tout moun te gen opotunite bay opinyon yo pandan konvesasyon sa yo tap fet, kote nou tap eseye chwazi pi bon politik, pi bon zouti ki ann ako ak vizyon Prezidan an - e se sa nou sevi pou jere kestyon migrasyon an. "

Responsab la ajoute ke premye fwa Anbasade Foote soulve mekontantman li sete nan let demisyon li. Li pa janm di anyen pandan konvesasyon yo.

Ayisyen mache ansanm apre yo debake Potoprens abo yon avyon sevis imigrasyon Etazuni, Dimanch 19 Sept. 2021.
Ayisyen mache ansanm apre yo debake Potoprens abo yon avyon sevis imigrasyon Etazuni, Dimanch 19 Sept. 2021.


MIGRAN AYISYEN

Sou kestyon migran Ayisyen yo, responsab la di Etazuni gen je'l brake sou yon gwoup Ayisyen ki aktyelman nan Necocli nan peyi Kolonbi e ki ap eseye pran direksyon frontye Etazuni. Li di gen apepre 20,000 moun konsa ke y'ap veye. Li di responsab gouvenman an ap diyaloge ak otorite Kolonbi ak Panama aktyelman. Li di Etazuni gen ke sote pou sekirite moun sa yo akoz risk seksyon ki rele Darien an poze pou lavi yo. Responsab la di Etazuni ka fe kek anons pa rapo ak sa nan yon avni ki pa two lwen men pou kounyea, yo kontinye aplike Tit 42 pou ekspulse moun ki travese frontye a ilegalman.

KRITE POU DETEMINE KIYES KI KA RETE OZETAZINI

Kanta pou krite presi y ap anplwaye pou determine ki Ayisyen ki ka rete ak kiyes y ap depote, responsab la di yo bay fanm ansent ak gwoup moun ki pi vilnerab yo priyorite. Y ap diskite ak Chili epi Brezil pou we si yo ta reprann Ayisyen ki tap viv lakay yo e ki gen timoun ki fet nan peyi sa yo. An plis de sa li di Etazuni diyaloge regilyeman ak diaspora a pou tande opinyon ak sijestyon yo genyen sou kestyon sa yo.

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou devan 76e sesyon Asanble Jeneral Nasyonzuni, 25 Sept. 2021. Diskou a fet virtyelman.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou devan 76e sesyon Asanble Jeneral Nasyonzuni, 25 Sept. 2021. Diskou a fet virtyelman.


AKO POLITIK

Pa rapo ak ako Montana a, ak jefo sosyete sivil Ayisyenn nan ap fe pou chwazi yon gouvenman tranzisyon. Responsab la fe konnen Etazuni pap bay sosyete sivil Ayisyenn nan vag ditou ditou. O kontre li di Etazuni apiye jefo y ap fe yo ak opinyon yo sou fason peyi a ta dwe pwogrese. Sepandan Etazuni pa vle apiye okenn gwoup ou pesonaj an patikulye, li kontinye kwe se Ayisyen ki dwe deside poukont yo ki solusyon yo vle aplike.

ELEKSYON

Etazyuni pa gen yon dat fiks li apiye pou eleksyon. Li mize pito sou travay kap fet pou kreye kondisyon pwopis pou Ayisyen ka al vote nan eleksyon lib e onet e kote yo an sekirite.

Responsab la di gen sou sekrete d'eta Uzra Zeya - yon diplomat de karye ki pale franse kou rat e k ap travay sou kestyon ki gen rapo ak Demokrasi epi sosyete sivil nan Depatman d'Eta a ki pral vwayaje Ayiti 11 Oktob pou rankontre akte politik yo ak sosyete sivil la.

Moun li jounal ki gen kom gran tit Pandora Papers ki enplike 330 politisyen toupatou nan mond lan.
Moun li jounal ki gen kom gran tit Pandora Papers ki enplike 330 politisyen toupatou nan mond lan.


PANDORA PAPERS

Pou fini, wo responsab gouvenman Biden nan di la press yo trez o kouran de Ayisyen ki epengle nan dosye koripsyon Pandora Papers la. Li di Etazuni apiye Ayisyen kap travay pou konbat korupsyon - e ki riske lavi yo pou fe sa. Yo gen yon plan ak yon vizyon de sa yo vle pou Ayiti e Letazuni pral fe sa'l kapab pou apiye yo. Responsab la di administrasyon an gen yon plan ki trez anbisye e konpreyansif pou apiye Ayiti a lon term, e met sou asistans entenasyonal li rezeve pou konbat korupsyon genyen yon jefo pou apiye envestisman nan sekte prive a ki kraze statu ko a e ki ofri refom konstruksif ke Ayisyen devlope pou takle pwoblem sa a.

Korespondan VOA nan Mezon Blanch Anita Powell kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG