Accessibility links

Breaking News

Konsey Sekirite LONU Eksprime Gwo Ke Sote Pou Sityasyon Ayiti


Foto Achiv: Reyunyon Konsey Sekirite Nasyonzuni nan Nouyok, 23 Sept. 2021.
Foto Achiv: Reyunyon Konsey Sekirite Nasyonzuni nan Nouyok, 23 Sept. 2021.

Konsey Sekirite Nasyonzuni an eksprime ke sote li pou sityasyon an nan peyi d'Ayiti pandan yon rankont Lendi.

"Ensekirite a ogmante nan Potoprens, kote kidnaping rekomanse, e gang yo pran kontwol plis katye kapital la, e sa gen konsekans sou ekonomi a," Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekrete Jeneral Nasyonzuni pou Ayiti deklare.

Madan La Lime, ki se an menm tan Chef BINUH - Biwo Entegre Nasyonzuni pou Ayiti te pale de migran Etazuni depote yo.

"Met sou sa, de milye migran ki t'al chache lavi miyo lot bo dlo ap tounen nan peyi a," Madan La Lime deklare. "Pou pi fo obsevate li difisil pou imajinen kile seri kriz sa yo ki pa janm pran fen pral rezoud - an menm tan ke yo teste limit reziyans pep Ayisyen an.

Madan La Lime lanse apel yon lot fwa anko bay akte politik yo pou mande yo travay ansanm pou jwenn yon solisyon.

" Nou espere lide politik ak sosyete sivil Ayisyen yo va kontinye travay ansanm pou jwenn yon pwen komun ki pral amelyore klima politik la e ke yo va pran aksyon desizif pou tanmen refom esansyel," Madan La Lime deklare.

Emmanuela Douyon, direktris Exekutif POLICITE te pale de enteferans etranje nan zafe Ayiti.

" Nasyonzuni gen yon long istwa ak Ayiti ki ta dwe kontiye. Plan L'ONU genyen pou'l apiye Ayiti ta dwe aliyen ak entere komun Ayisyen epi vizyon yo genyen pou peyi yo," Madan Douyon deklare. "Okenn antite pata dwe eseye foure bouch li nan zafe nou pandan lap eseye ede e konfyans ta dwe poto mitan kowoperasyon sa a."

Minis Afe Etranje Ayisyen Claude Joseph bo kote pa'l pale de renouvelman manda L'ONU ak jefo pou kore polis nasyonal la.

Minis Afè Etranjè ayisyen an bay eksplikasyon sou diskou li pwononse devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:26 0:00

Pandan pi fo peyi yo te eksprime sipo pou Ayiti epi lanse apel pou eleksyon fet san pedi tan, Anbasade la Chin ak la Rusi kritike le fet ke Nasyonzuni deja depanse yon paket lajan pou ede Ayiti san rezulta.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG