Accessibility links

Breaking News

Rodolphe Jaar Plede Koupab a Akizasyon Lajistis Etazini an Koneksyon ak Asaina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise


Yon foto lapolis pran pou Rodolphe Jaar ke la jistis ap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise.
Yon foto lapolis pran pou Rodolphe Jaar ke la jistis ap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise.

Vandredi 24 mas (Reuters) - Sitwayen ayisyen-chilyen Rodolphe Jaar plede koupab jodi vandredi 24 Mas la devan yon jij federal ameriken nan Miami pou 3 akizasyon ki enplike wòl li nan asasina Prezidan ayisyen an Jovenel Moise ki te mouri lakay li nan mwa jiyè 2021.

Akisayon sa tonbe nan moman kote prezidan Ameriken an Joe Biden ak Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau fè yon chita tande nan Ottawa jodi Vandredi

Moise te mouri asasinen lakay li nan mwad Jiye 2021.

Jaar se youn pami 11 moun ke lajistis Etazini akize. Li se yon biznisman ke yo akize dèske li te ede jwenn machin ak zam nan Florid epi anboche ex-solda Kolonbyen ke yo akize dèske yo te tire Moise nan chanm a kouche li.

Dapre Depatman Jistis Etazini, yo te akize Jaar deske li te ede Kolonbyen yo jwen zam epi kite yo domi nan yon kay li te kontwole epi ede yo kache pou otorite Ayisyen yo pa mete men sou yo.

Lajistis te arete misye Repiblik Dominikèn nan mwad Janvye 2022.

Yon jij va pwononse santans Jaar - ki taka kondane pou l pase rès vi li nan prizon, 2 Jyen kap vini an nan Miami, dapre sa ki nan dokiman legal tribinal la.

Asasina Moise la kite yon vid politik nan peyi d Ayiti epi pèmèt gang yo pran kontwol plis teritwa peyi a. Zak vyolans gang yo, ki gen kom bi pou pran kontwol peyi a, deklanche yon kriz imanitè epi lakoz omwens 160,000 moun oblije kouri kite kay yo.

Avoka Jaar derefize fè komantè.

XS
SM
MD
LG