Accessibility links

Breaking News

4 Sispèk Kle nan Asasina Prezidan Jovenel Moise Konparèt Devan Tribinal Federal Miami


Foto Achiv: Kek pami sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise (de goch a dwat) James Solages ak Joseph Vincent.)
Foto Achiv: Kek pami sispek nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise (de goch a dwat) James Solages ak Joseph Vincent.)

4 sispèk kle ki lye ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise konparèt pou premye fwa devan tribinal federal pou fè fas ak akizasyon lajistis Ameriken kom kwa yo te konplote epi patisipe nan asasina a. Sispèk te te konparèt devan tribinal yon jou apre Ayiti te transfere yo Ozetazini.

Odisyon an

Ayisyen-Ameriken James Solalges, Joseph Vincent ak Christian Emmanuel Sanon epi Kolonbyen German Rivera Garcia te gen yon min kalm nan moman yo te antre nan tribinal federal Miami a abiye an inifom bèj prizonye yo ak men yo ak cheviy yo menote.

Yo pa pale pandan odisyon an, eksepte pou mande pou yon avoka leta reprezante yo, lè Jij Alicia Otazo-Reyes te mande yo chak si yo gen lajan pou peye yon avoka.

Jij Alicia Otazo-Reyes te li chaj akizasyon yo epi nomen yon avoka diferan pou reprezante chak sispèk.

Akizasyon yo

Solages, 37 an, Vincent, 57 an, ak Rivera 44 an, te pami premye sispèk lapolis nasyonal Ayiti te arete apre asasina Prezidan Jovenel Moise la, 7 Jiye 2021. La jistis akize tou le 3 dèske yo te konplote pou komèt yon asasina oubyen kidnaping andeyo peyi Etazini epi ke yo te dispoze sipo materyèl ak resous ki te koze lanmo yon moun.

Sanon, yon pastè, doktè ak biznisman ki sibi anpil echèk, 54 an ap fè fas ak akizasyon dèske li te konplote pou voye byen anbachal an Ayiti depi peyi Etazini epi ke li pat bay enfomasyon korèk sou kisa ak poukisa li tap voye bagay sa yo an Ayiti. La jistis akize l tou dèske li te bay manti sou dikiman ki sipoze detaye ki sa li tap voye Ayiti anbachal. Dokiman legal yo di Sanon te swadizan voye 20 vès pa bal an Ayiti, men ke li te dekri koli a tankou vès pou pwoteje moun lè yap fè radyografi epi pwovizyon pou lekol.

Si lajistis jwen yo koupab, Solages, Vincent ak Rivera ap fè fas ak posibilite pou yo pase rès vi yo nan prizon. Sanon limenm, ke asosye li sigjere vre sèvo dèyè konplo a te desevwa ap fè fas ak posibilite pou l pase jiska 20 an nan prizon.

Akize ki nan prizon Miami

Gen yon total 7 sispèk ke Etazini transfere Miami, kap fè fas ak pwosè pou swadizan patisipasyon yo nan asasina prezidan Moise la. Pami yo gen Kolonbyen Rivera ak Mario Palacios, ki se 2 pami prèske 2 douzèn ansyen solda Kolonbyen la jistis akize nan kad dosye sa a.

Lot sispèk ki nan prizon Miami se Rodolphe Jaar, yon ansyen enfoman gouvènman Ameriken an ak biznisman ke yo te ekstrade depi Repiblik Dominikèn nan mwad Janvye 2022.

Kolonbyen Mario Antonio Palacios Palacios limenm, se yon ansyen solda Kolonbyen ki te chape poul li al lage ko li nan La Jamayik, kote yo te arete li. Otorite Ameriken yo te arete pandan yon eskal avyon ki tap mennen ni tounen Kolonbi te fè nan Panama, epi apre sa yo te transfere li Ozetazini.

Nan mwad Janvye 2022, otorite yo te arete ansyen Senatè Ayisyen John Joel Joseph ki te kouri al lage ko li Jamayik tou.

Pandan mwa ki pase yo, pa gen anpil pwogrè ki fèt sou dosye asasina a, apre plizyè jij mande pou wetire non yo sou dosye a.

Detay sou konplo asasina a

Dapre dokiman tribinal la, 2 mwa anvan Moise te mouri asasinen, Vincent te voye yon teks bay Solaj ki te gen ladann videyo yon chat ki tap "reyaji" ak kout zam. Solages te ri, epi Vincent te repon: "Se konsa Jovenel pral reyaji talè konsa si vreman vre nou pare pou fè l. Apre sa Solages te repon ke "chat sa a pap janm tounen" epi "fèm konfyans frè nap travay sou desizyon final nou" dapre dokiman legal la.

Pi ta nan mwad Jyen an, yo te rekrite yon afè 20 ansyen solda Kolonbyen pou swadizan ede arete prezidan an epi pwoteje Sanon, ki te konsidere tèt li tankou nouvo lidè Ayiti. Rivera te an chaj gwoup sa a, dapre dokiman lajistis soumèt devan tribinal la nan Sid Florid.

Otorite yo di plan an sete arete Moise, mennen li nan avyon yon kote yo pa presize, men konplo a te echwe lè sispèk yo patka jwen ni avyon, ni ase zam.

Yon jou anvan asasina a, Solages te bay lot sispèk yo manti pou di sete yon operasyon CIA e ke misyon an sete touye prezidan an, dapre sa dokiman tribinal la di. Yon ti tan anvan asasina a, dapre otorite yo, Solages te rele pou di sete yon swadizan operasyon DEA pou asire gad sekirite prezidan yo te fè sa yo di yo fè.

Apepre yon ane apre asasina a, otorite Ameriken yo te entèvyouwe Solages, Vincent ak Rivera pandan yo te fèmen nan prizon an Ayiti e yo te dako pou pale ak yo.

XS
SM
MD
LG