Accessibility links

Breaking News

Pap la Lave Pye kèk Jèn Prizonye Jedi Sen


Pope visits Casal del Marmo juvenile prison for foot washing Mass in Rome
Pope visits Casal del Marmo juvenile prison for foot washing Mass in Rome

Pap Franswa, ki te parèt refè nèt apre li te entène lopital semèn pase a pou yon bwonchit ki tap sakaje li.

Li te ale jedi 6 avril nan prizon Casal del Marmo, yon prizon pou jèn nan yon katye toupre vil Wòm, kote li te lave epi bo pye 12 prizonye, yon jès ki fè sonje imilite Jezi pou apòt li yo nan nwit anvan lanmò li.

Se menm kote sa, yon ti tan apre eleksyon li an 2013, Pap Franswa te kòmanse òganize aktivite tradisyonèl nan prizon, kay moun aje yo ak bò kote moun ki san kay olye li te fè yo pou Pè yo nan katedral Wòm lan jan lòt pap yo te konn fè.

Li se tou premye Pap ki te antre fanm ak moun ki pa katolik nan sèvis lave pye a.

Yon prizonye nan sèvis Jedi sen an sete yon Mizilman ki soti nan peyi Senegal. 2 nan prizonye yo sete fanm.

Pap Franswa ki gen 86 lane te pase 4 jou lopital semèn pase a pou trete bwonchit apre li te di ke li gen difikilte pou respire. Li te refè byen vit apre li te fin pran antibyotik yo te ba li.

XS
SM
MD
LG