Accessibility links

Breaking News

Pap la Remèsye Fidèl yo pou Lapriyè yo te Fè pou li Pandan Maladi li


Pope Francis, center, celebrates the Palm Sunday's mass in St. Peter's Square at The Vatican, April 2, 2023.
Pope Francis, center, celebrates the Palm Sunday's mass in St. Peter's Square at The Vatican, April 2, 2023.

Pap Franswa remèsye fidèl ki te priye pou li pandan li te entène lopital semèn pase a kote li te resevwa tretman pou bwonchit. Li te pale konsa pandan li t ap dirije lapriyè Angelus apre yon mès Dimanch sou plas Sen Pyè.

Li di: "Mwen salye nou tout, Women ak pèlren, espesyalman moun ki soti byen lwen. Mwen remèsye nou pou patisipasyon nou epi tou pou priyè ke nou te fè pou mwen nan dènye jou sa yo”.

Li te salye yon foul fidèl dimanch maten ki te fè deplasman pou rasanble sou plas Sen Pyè.

XS
SM
MD
LG