Accessibility links

Breaking News

Pap Franswa Lopital


Pap Franswa kwoke yon timoun nan fen odyans jeneral abityel li sou plas Sen Pye a nan Vatikan an, 29 Mas, 2023.
Pap Franswa kwoke yon timoun nan fen odyans jeneral abityel li sou plas Sen Pye a nan Vatikan an, 29 Mas, 2023.

Pap Franswa anile odyans li te sipoze fè pandan 2 jou kap vini yo akoz li entène lopital nan vil Wòm kote lap sibi kèk egzamen medikal.

Vatikan an fè konnen Pap la entène nan lopital Gemelli. Li pa bay okenn lòt detay.

Pap Franswa, 86 zan, te pase 10 jou nan menm lopital sa a an 2021 apre li te sibi yon operasyon nan entesten.

Franswa te sibi operasyon pou wetire yon pati nan poumon li lè li te jèn gason, akoz yon enfeksyon respiratwa.

Misye te parèt plizoumwen an bòn fòm pandan odyans li te genyen Mèkredi, malgre li te fè anpil grimas pandan li tap antre ak soti nan machin espesyal li a.

Anilasyon odyans li jiska Samdi soulve kestyon sou patisipasyon Franswa nan aktivite Vatikan an planifye pou semèn sent la, ki pral kòmanse Dimanch.

XS
SM
MD
LG