Accessibility links

Breaking News

Volodymyr Zelenskyy Vwayaje Nan Polòy


Poland's Prime Minister Mateusz Morawiecki welcomes Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy as they meet in Warsaw, Poland, Apr. 5, 2023.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy vwayaje jodi a lakay vwazen li Polòy pou rankontre ak lidè yo laba a e ak piblik la e an menm tan ak refijyè ki te kouri kite Ikrèn apre LaRisi te lanse envazyon li nan peyi a.

Otorite nan Polòy di ke nan chita-koze li ak Prezidan Andrzej Duda e ak Premye-minis Mateusz Morawiecki ta gen pawòl sou konfli a epi sipò ak koperasyon entènasyonal.

Polòy se yon alye kle pou Ikrèn. Ajans refijye l-ONU pou refijye a di gen yon milyon 500-mil refijye ki soti Ikrèn e ki anrejistre non yo pou pwoteksyon tanporè nan Polòy.

Polòy sèvi tou kòm yon gwo koneksyon pou patnè Ikrèn voye èd militè ak imanitè ba li.

XS
SM
MD
LG