Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Komemore 55èm Anivèsè Asasina Martin Luther King Jr.


Jodi 4 avril la fè 55 an jou pou jou - depi lidè dwa sivil nwa Ameriken Martin Luther King Jr. mouri asasinen pandan li te kanpe sou balkon otel Lorraine nan nan vil Memphis Tennessee. Li te gen 39 an.

Asasina King te deklanche yon vag emet nan vil Ozetazini pami yo Washington, Baltimore ak Chicago kote vyolans la te sevè.

Pi ta James Earl Ray te plede koupab kom moun ki te asasinen King epi li te pase rès vi li nan prizon, kote li te ensiste ke yo te pran li kom bouk emisè.

XS
SM
MD
LG