Accessibility links

Breaking News

Pou Fèt MLK, Biden di Fòk Ameriken Pran Angajman Pou Kontinye Travay li


Moniman Martin Luther King Jr. la nan Washington, Dimanch 16 Janvye 2022.
Moniman Martin Luther King Jr. la nan Washington, Dimanch 16 Janvye 2022.

Ameriken dwe pran angajman pou yo fini travay Martin Luther King Jr., Prezidan Joe Biden deklare lendi nan yon videyo li pibliye pou komemore anivesè lidè dwa sivik la ki te mouri asasinen.


Komantè prezidan an te pami plizyè remak lidè nasyonal yo fè kote yo admèt gen bezwen pou egalite rasyal ki poko janm reyalize.

Gen plizyè evenman ki pwograme a l'okazyon fèt nasyonal la. Pami yo gen yon mès anyèl nan Atlanta nan lonè Martin Luther King, kap dewoule nan legliz kote Senatè Ameriken Raphael Warnock pastè. Sèvis relije a, nan legliz Batis AEbenezer la komemore sak tap 93e anivèsè lidè dwa sivik la, ki te gen 39 an sèlman lè yo te tire'l e touye'l.

XS
SM
MD
LG