Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Fete Martin Luther King Jr.


Yon seremoni pou depoze yon jeb fle devan moniman Martin Luther King Jr la nan Washington, 16 Janvye 2023.

Sa gen prèske 60 an desa, youn nan diskou pi istorik nan mond lan te fèt 28 Out, 1963 pandan Mach sou Washington nan.

250,000 Ameriken te mache ale nan moniman Lincoln nan nan Washington pou mande dwa sivik, travay ak libète.

Youn nan lidè yo, Reveran Martin Luther King Junior te pwononse yon diskou istorik.

An 1963, restoran ak fontèn dlo segrege yo te yon bagay komen nan Sid Etazini. Menm ane sa a, lapolis nan vil Birmingham, Alabama te voye chen atake epi wouze ak kannon dlo manifestan pasifik.

Jounen joudlan 1863, Prezidan Abraham Lincoln te anonse liberasyon esklav yo, ki te libere tout esklav nan eta Ameriken ki tap revolte kont Washington.

Mach sou Washington nan te make 100 an depi evenman istorik sa a men li te souliyen tou ke Etazini te bezwen fè plis pou nwa yo anski konsène dwa sivik.

Manifestan yo tap mande pou yo adopte pwojè lwa dwa sivik Prezidan Kennedy a.

Ameriken vizite moniman Martin Luther King Jr. la pou jounen nasyonal nan lone li, Lendi 16 Janvye 2023.
Ameriken vizite moniman Martin Luther King Jr. la pou jounen nasyonal nan lone li, Lendi 16 Janvye 2023.

Pastè King te gen yon vizyon radikal pou Lèzetazini e elokans li te motive foul la pou l bat bravo pou ide li te genyen pou yon sosyete ki pi jis.

King te deklare: "Mwen gen yon rèv ke yon jou nasyon sa a ap leve kanpe epi mete ann aksyon prensip fondamantal li yo ki se: Nou konsidere kom verite ke Bondye kreye tout moun egal ego."

Apre mach la, li te gen yon rankot enpotan nan Lamezonblanch ak Prezidan Kennedy.

Mach la ak rankont Prezidansyèl la te mete presyon sou Kongrè a pou'l adopte Pwojè lwa Dwa Sivik ak Dwa Vot yo nan ane 1964 ak 1965.

Etazini ap fete jounen Martin Luther King lan ane sa, Lendi 16 Janvye.

XS
SM
MD
LG