Accessibility links

Breaking News

Los Angeles: 1 moun mouri, 3 blese nan fiziyad nan yon sant komèsyal dapre sa lapolis rapòte


Polisi berada di lokasi penembakan yang memakan banyak korban di kawasan Monterey Park di Los Angeles, California, AS, 22 Januari 2023. (Foto: REUTERS/Allison Dinner)
Polisi berada di lokasi penembakan yang memakan banyak korban di kawasan Monterey Park di Los Angeles, California, AS, 22 Januari 2023. (Foto: REUTERS/Allison Dinner)

LOS ANGELES (AP) — Lapolis nan Los Angeles di 1 moun pèdi lavi e 3 lòt blese nan yon fiziyad pandan yon negosyasyon dwòg deyò yon sant dacha Samdi.

Chèf Adjwen Depatman Lapolis Los Angeles Alan Hamilton di plizyè sispèk yo len te tire sou lòt pandan sa envestigatè yo kwè sete diskisyon nan yon antant sou dwòg ki tap fèt nan yon pakin nan West Hills vè 3:45 nan aprè midi.

Lapolis pa t idantifye nonm ki mouri a imedyatman. Yo mete 3 sispè nan prizon samdi swa.

Hamilton di ke yo te mennen 3 viktim ki te pran bal yo lopital epi trete yo, e ke gen 2 nan yo pou pi piti ki ka fè fas ak lajitis apre yo fin resevwa swen medikal la.

XS
SM
MD
LG