Accessibility links

Breaking News

Miami Beach ap Goumen pou Jere Vyolans, Gwo Foul Moun Pandan Vakans Prentan yo


Foto Achiv: Polisye veye yon Samdi swa pandan gwo foul moun desann sou South Beach, Miami, 20 Mas, 2021.
Foto Achiv: Polisye veye yon Samdi swa pandan gwo foul moun desann sou South Beach, Miami, 20 Mas, 2021.

Pou 3em ane youn apre lòt, Miami Beach ap goumen pou jere zak vyolans ki dewoule pandan vakans Prentan yo - pami yo 2 fiziyad ki lakoz moun mouri epi gwo foul moun kap fe dezòd. Vil la gen difikilte pou jere sityasyon an malgre prezans masiv lapolis ak aktivite ki gen kòm objektif pou bay touris yo kek altenativ olye yo chita ap bwe epi pwomennen nan lari.

Anbyans fet ki egziste nan katye South Beach la lakoz responsab yo entedi lavant alkòl nan gwo nightklub yo apre 2 ze di maten.

Foto Achiv: Yon polisye vil Miami Beach veye pandan jen jan ki an vakans pou "spring break" (vakans prentan) kite yon plaj, 14 Mas, 2020.
Foto Achiv: Yon polisye vil Miami Beach veye pandan jen jan ki an vakans pou "spring break" (vakans prentan) kite yon plaj, 14 Mas, 2020.

Lapolis pran pozisyon tout kote, epi nan tou mobil ki pemet yo gen yon pi bon pespektiv sou sakap pase nan lari a.

Ar, mizik, yoga ak volebòl se kek pami evenman yo ajoute ane sa a men zak vyolans yo kontinye ap fet lanuit.

Vil la enpoze yon kouvrefe ki pran fen Lendi maten e lap reflechi pou we si l pata enpoze yon lòt kouvrefe wiken pwochen an.

XS
SM
MD
LG