Accessibility links

Breaking News

4 Ameriken Kidnape yo te Ale Nan Mesik Pou Al Fè "Operasyon Estetik"nan Vant


A Red Cross worker closes the door of an ambulance carrying two Americans found alive after their abduction in Mexico last week, in Matamoros, March 7, 2023.
A Red Cross worker closes the door of an ambulance carrying two Americans found alive after their abduction in Mexico last week, in Matamoros, March 7, 2023.

Depatman Deta Etazini voye kondoleyans bay fanmi 2 Ameriken ki pèdi lavi yo nan Meksik nan fiziyad vyolan ak anlèvman nan Meksik. Sa te pase vandredi nan vil Matamoros, sou fwontyè Meksik la.

Yo te jwenn 2 lòt Ameriken vivan nan yon zòn riral toupre kòt Gòlf Meksik la. Yo retounen avek yo sou teritwa Ameriken an. Sitwayen ameriken yo te retounen Texas nan yon konvwa anbilans ak SUV, ki te gen akonpayman militè Meksiken ak kamyon Gad Nasyonal.

Pòtpawòl Depatman Deta, Ned Price, di: "Nou remèsye patnè nou yo, lapolis Meksiken ak Ameriken pou efò yo fè pou kapab jwenn viktim sa yo. "Epi nou dwe kontinye travay pou asire ke jistis tabli". Price di Depatman Deta ap travay pou rapatriye kadav 2 Ameriken ki mouri yo.

Jounal Brownsville Herald nan Texas rapòte ke 2 Ameriken ki siviv yo te ale nan Valley Regional Medical Center akonpaye ak yon eskòt FBI.

Yon fanmi youn nan viktim yo te di Lendi ke 4 ameriken yo te vwayaje ansanm soti Carolina, Texas, pou youn nan yo te kapab fè yon operasyon “Chiriji Estetik” nan vant.

XS
SM
MD
LG