Accessibility links

Breaking News

Meksik: Yo jwenn 2 sou 4 Sitwayen Ameriken ke Bandi te Kidnape yo Mouri


APTOPIX Mexico Missing Americans
APTOPIX Mexico Missing Americans

Otorite Meksiken yo di Madi, ke 2 nan 4 sitwayen ameriken ke kriminèl te kidnape nan Meksik mouri apre yo te travèse fwontyè a pou ale nan peyi sa a.

Biwo Komisè Gouvènman an konfime ke nan 4 Ameriken ke ravisè te kidnape yo "2 mouri, youn blese ak lòt la ki soti senn e sòf," se sa gouvènè eta Tamaulipas Americo Villarreal di nan yon konferans pou laprès ki te fèt nan telefòn.

Sitwayen Ameriken yo te antre nan Matamoros, ki anfas Brownsville, Texas, Vandredi nan yon minivan blan ak plak machin Kawolin di Nò.

FBI te ofri yon rekonpans $50,000 pou jwenn tras viktim yo e arete koupab yo.

XS
SM
MD
LG