Accessibility links

Breaking News

Meksik di l ap Mennen ankèt sou 8 Moun nan Dife ki te Touye Moun nan yon Sant pou Migran


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

CIUDAD JUAREZ, Meksik (AP) — Otorite Meksiken yo di y ap mennen ankèt sou 8 anplwaye oswa otorite pou konnen si se move konduit nan yon sant kote yo kenbe migran ki te lakoz dife ki pran lavi 39 moun ki te anba kòd nan sant la.

Kòlè ak fristrasyon apre dife a nan vil Ciudad Juarez te kontinye Mèkredi pandan plizyè santèn imigran t ap mache pou rive nan yon pòtay ki toupre fwontyè peyi a ak Lèzetazini nan espwa ke yo ka travèse an mas.

Otorite Meksiken yo sanble lage responsablite lanmò yo sou kontraktè prive ki t ap travay kòm gad sekirite.

Videyo te montre gad yo ki t ap kouri pou lafimen san yo pa chache libere prizonye yo.

Otorite yo pa anonse okenn akizasyon, men yo di yo pral chache voye manda arestasyon, antwòt pou yon migran ki swadizan ta enplike nan mete dife a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG