Accessibility links

Breaking News

39 Moun Mouri nan Dife nan Sant Migran Meksik Toupre Fwontyè ak Etazini


An image taken from a video shows ambulances and rescue teams staffers at the site of a fire at an immigration detention facility in Ciudad Juarez, Mexico, March 28, 2023.
An image taken from a video shows ambulances and rescue teams staffers at the site of a fire at an immigration detention facility in Ciudad Juarez, Mexico, March 28, 2023.

MEXICO CITY (AP) — Plis pase twa douzèn migran pèdi lavi yo nan yon dife ki pran nan yon dòtwa nan yon sant kote yo fèmen migran Meksiken toupre fwontyè Etazini.

Se youn nan ensidan kote plis moun mouri nan yon sant pou kenbe migran nan peyi a.

Kèk èdtan apre dife a te eklate Lendi swa, yo te aliyen kèk kadav ke yo te kouvri anba dra deyò etablisman an nan Ciudad Juarez, anfas El Paso, Texas.

Anbilans, ponpye ak lòt kamyon ki soti nan mòg la te anvayi lye ensidan an.

Enstiti Nasyonal Imigrasyon di 39 moun mouri e 29 blese.

XS
SM
MD
LG