Accessibility links

Breaking News

Biden, Trudeau Jwen yon Antant sou Migran kap Chache Azil yo


Prezidan Joe Biden kanpe bo kote premye dam Jill Biden, Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak madanm ni Sophie Gregoire anvan li pwononse yon diskou devan palman Kanadyen an nan Ottawa, Kanada, 24 Mas, 2023.
Prezidan Joe Biden kanpe bo kote premye dam Jill Biden, Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak madanm ni Sophie Gregoire anvan li pwononse yon diskou devan palman Kanadyen an nan Ottawa, Kanada, 24 Mas, 2023.

Prezidan Etazini Joe Biden ak Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau fe chita tande nan Ottawa jodi Vandredi a apre yo te antann yo pou anpeche moun kap chache azil yo travèse fwontyè Etazini pataje ak Kanada ilegalman.

Lidè yo te diskite sou migrasyon, ensekirite ak sityasyon imanitè Ayiti ki vinn pi grav, Lagè Ikrèn nan, komès epi lit kont chanjman klimatik la, dapre sa responsab yo di Lapres.

Men sa Prezidan Biden te di jounalis yo anvan rankont la.

"Nou gen anpil bagay pou n diskite e mwen kwè nou pral akonpli anpil bagay jodia."

Premye Minis Trudeau te ajoute:

"Nou pa gen oken zanmi ak alye ki pi gran pase Etazini."

Biden, Trudeau Jwen yon Antant sou Moun kap Chache Azil yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:34 0:00

2 lidè yo te rankontre apre Trudeau te prezante Biden bay chèf enstitusyon yo - pami yo lidè pati vèt la Green Party - Elizabeth May - ki te remèt prezidan an yon chokola ki make PEACE (Lapè) ke yon fanmi refije Siryen te fè, dapre sa Trudeau esplike.

Kanta pou antant sou migrasyon an, règleman final ke yo pare pou pibliye sou Regis Federal Etazini an, pral pèmèt Kanada voye tounen lakay yo, imigran yo bare sou wout ki rele Roxham Road la, ki se yon pwen tranzit ki pa ofisyèl nan eta Nouyok ke anpil migran sèvi pou travèse antre Kanada.

Ayisyen Kanada Espere Rankont Biden-Trudeau a Va Gen Konsekans Pozitif pou Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:37 0:00

Pos fwontyè ant 2 peyi yo jere pa l'entèmedyè yon Ako ki rele Safe Third Country Agreement (Ako Twazyem Peyi Su a) ki pèmèt responsab Ameriken ak Kanadyen yo voye tounen lakay yo moun kap chache azil nan tou le 2 peyi yo ki rive sou pos fwontyè yo. Sepandan lwa sa a pa aplike pou pos fwontyè ki pa ofisyèl yo, tankou pa egzanp Roxham Road nan Quebec.

Nouvo antant la pwolonje ako a pou kouvri tout fwontyè a - ki se pi gwo fwontyè nan mond lan, kote moun ka mande azil 14 jou apre yo travèse antre dapre not ofisyèl ki pibliye a. Li pral antre ann aplikasyon a minui, dapre responsab Kanadyen ak Ameriken yo.

Kestyon sila a te yon tèt chaje pou Trudeau, ki gen syèj palmantè li nan Quebec. Sepandan gen kritik ki di difikilte ak pri sa pral koute pou veye fwontyè a ki long anpil, taka koze plis domaj pou migran yo.

Nan kad nouvo antant la, Kanada pral aksepte yon lot 15,000 migran ki soti nan Emisfè Oksidantal la pandan ane a sou baz imanitè, dapre sa yon responsab Ameriken di laprès Jedi.

Canada anonse jodia tou ke li pare pou bay Ayiti $100 milyon (dola kanadyen) kom asistans pou Fos Polis Nasyonal la.

2 peyi yo antann yo tou pou kowopere pi plis nan domen enèji nikleyè a ak teknoloji.

Biden pwononse yon diskou devan palman Kanadyen an Vandredi, apre Trudeau prezante li, epi 2 lidè yo bay yon konferans pou laprès konjwen apre sa.

Anbasadè Kanada nan peyi d Ayiti, Sebastien Carriere pibliye sou kont Twitter li apremidi a ke Kanada sanksyone ex-senatè Ayisyen Nenèl Cassy ak Steeve Khawly.

XS
SM
MD
LG