Zelenskyy di Ikrèn pa pwal angaje li nan chita-koze lapè ak LaRisi toutotan fòs ris yo pa kite tout teritwa Ikrèn. Depi lansman envazyon an ane pase, LaRisi te anekse 4 zòn nan Ikrèn nan yon aksyon ki te atire kondanasyon Asanble Jeneral l-ONU an kòm ilegal.
Alye yo nan loksidan pa tèlman wè enpòtans Bakhmut, e yo di si Ikrèn pèdi la a, sa pwal gen gwo enplikasyon sou tout konfli a.
Men Zelenskyy di Associated Press chak moso nan batay la enpòtan.
--