Accessibility links

Breaking News

Fòk Paran Dakò anvan pou Timoun nan Eta Utah Ale nan Rezo Sosyal, Dapre yon nouvo lwa Eta a.


Social Media-Kids-Utah
Social Media-Kids-Utah

SALT LAKE CITY (AP) — Utah tounen premye eta ameriken ki gen yon lwa ki eseye limite aksè adolesan yo nan medya sosyal.

Gouvènè Repibliken Spencer Cox siyen pwojè lwa sa ki vin tounen yon lwa Jedi, ki mande pou timoun jwenn konsantman paran yo anvan yo enskri sou sit media sosyal tankou TikTok ak Instagram.

De lwa Cox siyen yo entèdi tou timoun ki poko gen 18 an sèvi ak rezo sosyal ant 10:30 nan aswè ak 6:30 nan maten.

Yo mande tou pou app yo pran mezi pou verifye laj nenpòt moun ki vle sèvi ak medya sosyal yo nan eta a, epi anpeche konpayi teknoloji yo mete materyèl ki kapab fè timoun yo esklav app la lè yo sèvi avè l.

Lòt eta, tankou Arkansas, Texas, Ohio ak Louisiana ap travay sou pwojè lwa menm jan an.

XS
SM
MD
LG