Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Rapò Kritike Jefò Etazini pou Ede Ayiti Rekonstwi Apre Tranblemanntè 2010 la


Timoun jwe nan kan Devirel la nan vil Okay, 16 Fevriye, 2022.
Timoun jwe nan kan Devirel la nan vil Okay, 16 Fevriye, 2022.

Yon nouvo rapò federal jwenn ke Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la, USAID te konstwi sèlman mwatye gwo pwojè li te vize pou ede Ayiti reprann ni apre gwo tranblemanntè ane 2010 la.

Biwo Gouvènman Ameriken ki jere Responsabilite jwenn tou ke pi fo pwojè USAID yo te swa ranvwaye, swa yo te revize yo, swa yo te koute bokou pi chè pase sa yo te planifye.

Rapò a se denye nan yon seri rapò ki egzaminen de pre kijan yo te depanse plizyè milya dola pou ede Ayiti apre tranblemanntè 7,0 a, ke gouvènman Ayisyen an estime te touye 300,000 moun.

Pwojè USAID pou reyabilite wout nan zon riral yo, agrandi yon santral elektrik nan yon pak endustriyèl epi konstwi yon pò pou $4,2 milyon nan no Ayiti te anile. Met sou sa gen sèlman 900 dou yon total 4,000 kay yo te anvizaje ki te konstwi -- akoz pri materyo yo te pi wo pase sa yo te atann. Se sa rapò a jwenn.

Rapò a, ki gen 93 paj site: " plan ki te twò anbisye ki te debouche sou delè, ogmantasyon pri, reduksyon nan plan, anilasyon aktivite epi revizyon desen ki te koute chè."

Rapò a di USAID pat trake konplètman ni yon fason konsistan rezilta pwojè enfrastrikti li yo.

Timoun monte bisiklet nan Kan Devirel, kote moun ki pedi kay yo nan tranbleman te Okay la nan mwad Out 2021 ap viv kounyea.
Timoun monte bisiklet nan Kan Devirel, kote moun ki pedi kay yo nan tranbleman te Okay la nan mwad Out 2021 ap viv kounyea.

Ajans la pat analize non plis tou, efikasite jefò li yo pou ede Polis Nasyonal Ayiti atravè fòmasyon, ekipman ak asistans teknik, dapre rapò a. Sepandan li ajoute ke enstabilite politik, zak vyolans ak dezòd te poze defi nan kad jefò ki te an plas pou ede fòs polis la, nan moman gang puisan yo kontwole plis pase mwatye kapital la.

Rapò a di USAID te depanse $74 milyon pou konstwi yon santral elektrik, e li fè amelyorasyon nan 24 sant sante piblik. Pwojè sa yo te tonbe nan kad yon pwogram enfrastrikti sante ki vo $89 milyon.

Rapò a jwenn tou ke USAID te amelyore sistèm enpo lokal yo, ogmante tès pou VIH (Virus ki bay maladi SIDA a) ak lot sèvis, epi ede kiltivatè yo gen aksè ak mache agrikòl. Li te negosye tou pi bon pri pou pwodui yo atravè yon sistèm kominikasyon mobil.

An tou, USAID depanse $2 milya pou ede Ayiti rekonstwi epi devlope peyi a ant ane fiskal 2010 ak 2010, rapò a fè konnen.

USAID di li pran mezu pou fè amelyorasyon - pami yo akòde yon nouvo kontra pou koleksyone epi analize done ki va gade de pre jefò aktyèl li yo ak pwojè li nan le pase.

Biwo premye minis Ayisyen an pa reponn demann Associated Press fè pou komantè sou rapò sa a.

XS
SM
MD
LG